Posición RASIN Kan Pèp la: No debemos permitir la selección del 24 de enero

Logo RASINPuerto Príncipe, 22 de enero 2016

“El año 2016 se incia dando rienda suelta a una crisis política muy peligrosa porque una mala solución tendrá muchas consecuencias graves para el país… ”

A continuación el Comunicado de posicionamiento del partido RASIN Campo del Pueblo, en creol, cuya traducción se aguarda:

Pozisyon RASIN Kan Pèp La : Non nou pa dwe kite seleksyon 24 janvye a fèt.

Potoprens, 22 Janvye 2016

Ane 2016 la debouche sou yon kriz politik ki danjere anpil paske yon move solisyon ap genyen anpil konsekans grav pou peyi a. Kriz sa a, se pwolonjman tout konplo klas dominant yo ak pretandi sa yo rele Kominote entènasyonal la mete ansanm ak gouvènman Mateli/Pòl la bay KEP la egzekite.

Kisa ki lakòz kriz la ?

Sous kriz la soti nan mòd rejim politik depandan ki enstale nan peyi a depi plis pase 100 lane. Kriz la te deja ap boujonnen nan mòd aparèy elektoral pouvwa a mete kanpe anvan menm KEP sa a pran fonksyon. Li nan kalite lwa elektoral ki meprize enterè mas popilè yo pase nan mòd enskripsyon gwo lajan ki mete malere deyò nan kous eleksyon yo. 9 out ak 25 oktòb, se rezilta menm pwosesis magouy la pou pase enterè peyi a dèyè enterè klas dominant yo ak klik Mateli/Pòl la sou kontwòl pwisans enperyalis yo. Pwisans sa yo ap travay nan avantay miltinasyonal yo. Lè nou konnen valè richès kap dòmi anba tè peyi a, nou ka konprann gwosè konplo k ap mare sou do premye nasyon lib ki soti nan esklavaj nan tan modèn nan. Enpinite se youn nan mekanis ki kenbe sistèm peze souse a sou kou Pèp ayisyen. Ni soutirè, ni moun ki komèt krim nan merite menm pèn nan.

Kote nou ye jodi a?

Gouvènman Mateli/Pòl fè yon gwo fo pa ki bay tout dirijan sistèm nan maltèt. Yo te pouse kòken yo si tèlman lwen, yo leve plim sou do menm kategori sosyal ki se alye natirèl yo. Peyi enperyalis yo malgre tout presyon ak gwo pwomès yo fè sou pati politik ki pran move kou nan eleksyon yo, yo pa rive etenn dife rezistans la. Yo pa te atann yo sektè sa a te ka leve tèt yo pou mande respekte dwa gran moun pèp la menm si se yon ti ponyen elektè ki te deside pran chemen biwo vòt yo. Lespri konsèvatè yo bouche tout kapasite yo pou analize sitiyasyon an malgre tout mwayen òtpòt yo genyen pou mennen travay sa yo. Yo panse 2015 ka repete 2010 pou yo nommen prezidan yo vle apre yo fini chwipe chwa moun ki te asepte ale vote yo. Yo pa imajine leson nou ka tire pandan 100 lane okipasyon meriken an. Se lekontrè yo jwenn. Inite fòs demokratik nan yon laj fwon ki di non a 24 janvye a e a kontinwite Matelia se yon kondisyon pou laviktwa. Pati RASIN Kan Pèp La salwe bèl rezistans Pèp ayisyen ofri jodi a ki louvri chimen pou vanse nan nesesè konstriksyon souvrente politik peyi a.

Genyen yon tandans menm lè nou pa ka konsidere li antienperyalis ale wè antikapitalis, men tou senpleman nasyonalis kap remonte nan plizyè sektè sosyal nan peyi a. Kantite moun kap mande pou enperyalis yo kite nou rezoud pwoblèm nou ap ogmante chak jou pi plis. Se devwa nou kòm sosyalis revolisyonè pou ankouraje tandans sa, travay li pou mete li sou ray revolisyonè a. Lit ant klas yo ap pèse anba anba nan tout mobilizasyon yo, menm si majò jon pati yo sou kontinye sistèm nan ak kèk kouch penti. Nou salye nan sans sa a batay ant klas kominote Labadi nan Nò deklanche pou fè respekte dwa travayè, dwa klas moun ki pi pòv yo kont yon gwo miltinasyonal kap fè milyonven sou richès peyi a ak konkou sansi lokal yo aloske kominote peyizan ki alantou plaj la ap efondre nan mizè.

RASIN Kan Pèp La kwè swadizan eleksyon dimanch 24 janvye ap mennen peyi nan tchouboum tou dwat. Se pa yon pwoblèm teknik sèlman ki mande pase men. Se yon zak politik ki byen fisle pou afebli peyi a e pou kite l nan men klas dirijan yo, oligachi a ak piyajè lòt bò dlo yo. Se yon eleksyon k ap lage peyi a nan men Mateli ak fraksyon boujwa kap soutni li a nan avantay pa yo ak nan avantay sa yo rele kominote entènasyonal la. Eleksyon kap fè peyi a kontinye nan degrengolad la.

Ki tranzisyon nou ka aksepte ?

Nou kontinye ankouraje tranzisyon ki pa sèlman wete moun ki la yo pou ranplase yo ak moun ki te toujou ap viwonnen nan tout bò pouvwa a depi lontan. Yo tout se kabrit Tomazo, menm plimay. Nou pou yon tranzisyon ki fòme ak pèsonalite ki pa genyen grenn zanno yo kay ofèv, ki soti nan sektè ki abitye swe pou pèp la. Se pa pèsonalite ki tap kouve nan pòch pouvwa a, ni nan tiwa enperyalis la. Yon tranzisyon k ap prepare pou peyi a reprann dwa gran moun li pandan lap pwopoze eleksyon jeneral ki fèt ak Ayisyèn, Ayisyen pou Ayisyèn, Ayisyen.

Nap raple kondisyon pou tranzisyon sa a travay nan sans enterè estratejik nasyon an ki deja defini nan deklarasyon Pati a fè nan finisman desanm 2015:
1. Anile maskarad eleksyon 2015 yo e kreye kondisyon pou konstwi yon lòt aparèy elektoral ki chita sou souvrente popilè e ki respekte diyite Pèp ayisyen.

2. Pa aksepte pwolongasyon manda Prezidan Mateli ak ekip ki sou pouvwa a.

3. Mete kanpe yon komisyon evaliasyon, odit, jistis ak reparasyon sou tout krim ekonomik pouvwa Mateli a e anile tout dekrè malatchong ki pran kont lespri ak dispozisyon Konstitisyon 1987 la.

4. Remete kanpe Konstitisyon 87 san amandman magouy ki te fèt yo. Pa manyen Konstitisyon an pandan tranzisyon an.

5. Mete MINISTA deyò e mete kondisyon pou Nasyonzini dedomaje peyi e repare tout krim li komèt kont nasyon an pandan 11 lane okipasyon (spesyalman krim kolera).

6. Gouvènman tranzisyon pa gen dwa pran dispozisyon sou yon seri kesyon estriktirèl tankou li pa gen dwa angaje peyi a nan kesyon eksplwatasyon min ak resous natirèl peyi a.

7. Reyalize yon woumble-konferans nasyonal pou deklanche yon konsètasyon laj ki ka bay repons a yon seri kesyon ak defi estriktirèl peyi pou pwochen 30 lane yo.

8. Mete kanpe repons konjonktirèl rapid fas a kriz ekonomik kap ravaje klas popilè yo (degrengolad goud la, pri pwodwi de baz yo, kesyon salè minimum ak kondisyon travay nan faktori, aksè a sèvis tankou edikasyon-sante-asenisman, kesyon grangou a, konsekans 3 lane sechrès)

Nou pwofite denonse zak britalite lapolis ap komèt sou manifestan k ap reklame chanjman pou Ayiti, yon britalite fo premye minis Kaplim ak Prezidan Mateli ankouraje lè li mande lapolis kontinye fè devwa li sètadi bay pèp la baton, petèt l ap rete trankil. Menm Kplim sa a, premye minis defakto, ki foure men li byen fon nan tout krim kap fèt kont popilasyon an e ki jodi a ap manniganse pou li ranplase ansyen patwon li Jozèf Mateli. Nou denonse zak britalite ak tòti ki kontinye ap fè ravaj nan komisarya yo anba je e ak konplisite MINISTA e nou mande liberasyon prese prese 2 etidyan etnoloji yo ak tout lòt manifestan yo lage nan prizon ilegalman.

Aba eleksyon-seleksyon lawont 24 janvye, Fòk nou anpeche yo fèt!

Sistèm dominasyon an bout. An nou mache sou chimen konstriksyon yon chanjman revolisyonè !

Viv rezistans ak mobilizasyon popilè kont tout eleksyon magouy, kont koripsyon ak depandans !

Ann makònen fòs nou pou nou sòti anba 100 lane okipasyon !

Viv yon Pèp lib nan yon peyi granmoun !

Marc-Arthur Fils- Aimé,

Sekretè Jeneral

Camille Chalmers,

Potpawòl

+++

Texto recibido sus firmantes.

 

Responder

Introduce tus datos o haz clic en un icono para iniciar sesión:

Logo de WordPress.com

Estás comentando usando tu cuenta de WordPress.com. Cerrar sesión / Cambiar )

Imagen de Twitter

Estás comentando usando tu cuenta de Twitter. Cerrar sesión / Cambiar )

Foto de Facebook

Estás comentando usando tu cuenta de Facebook. Cerrar sesión / Cambiar )

Google+ photo

Estás comentando usando tu cuenta de Google+. Cerrar sesión / Cambiar )

Conectando a %s