Programa alternativo para una transición democrática, popular, antiimperialista y anticapitalista

Puerto Príncipe, febrero 2016 – Varias organizaciones populares, sindicales y políticas (MODEP – SÈK GRAMSCI – GREPS – MOLEGHAF – UNNOH – LAKOU – SAJ/VEYE YO) dan a conocer a través del siguiente documento, sus propuestas para una transición democrática, popular, antiimperialista y anticapitalista. Entre otros puntos, pueden señalarse el retiro de la MINUSTAH y la demanda a NN.UU. de indemnización a las víctimas de cólera, la restitución a Haití de las reservas de oro robadas hace cien años, en vísperas de la primera ocupación estadounidense, y la denuncia de los tratados comerciales y financieras (Fondo Monetario, Banco Mundial, etc) firmados en contra de los intereses soberanos del pueblo de Haití. Descargar el texto completo en creol: Programa alternativo transición

Pwogram altènativ pou yon tranzisyon demokratik popilè antienperyalis ak_antikapitalis.

Lane 2016 la louvri sou yon gwo kriz sosyal, politik ak ekonomik pou peyi a. Yon lòt fwa ankò, peyi a nan yon kalfou danjere kote tout solisyon malatchong ap lage peyi a ak pèp la nan plis katchouboumbe. Kriz sa a, se konsekans tout konplo klas dominant yo (Fowòm Ekonomik Sektè Prive a, ADIH, CCIH), Kominote entènasyonal la mete ansanm ak gouvènman Mateli/Pòl la ap egzekite kont enterè peyi a ak Pèp la.Li klè se nan direksyon yon tranzisyon politik peyi a prale. Se nan sans sa gwo mobilizasyon 22 janvye an ale epitou se gwo mobilizasyon Pèp la nan jou sa ki fòse gouvènman Tèt kale divalyeris la, CORE Group la ak alye yo (KEP) tounen sou seleksyon yo te prevwa fè dimanch 24 janvye a. Manman kesyon an kounye a se ki tranzisyon? Vandredi 22 janvye 2016 la make yon etap enpòtan nan lit Pèp ayisyen pou ranmase dinyite l devan tout kominote entènasyonal la, klas dominant yo ak politisyen rat do kale yo bouke pase anba pye.

Jan sa rive plizyè fwa deja nan istwa peyi a, yon lòt fwa ankò Pèp ayisyen an bay neokolonyalis yo yon leson. Alòske tout fòs reyaksyonè t ap di yo ap vanse, Pèp la fè yo kanpe. Li di kou sa p ap pase! Li reyafime detèminasyon l pou pran desten l nan men epi pa janm kontinye tolere entèferans pouvwa enperyalis nan zafè entèn peyi nou. 22 janvye 2016, Pèp ayisyen an frape pye l, li revandike dwa grandèt li, souverènte pou li deside sou lavni peyi Desalin lan, dwa otodetèminasyon l kont yon kominote entènasyonal (CORE Group la) ki menm lè l tande, vle enpoze lalwa l ak enterè l kont volonte mas Pèp la. Yon TRANZISYON tout bon dwe fè jefò pou bay gwo batay popilè sa jarèt.

Men kisa nou wè? Pifò pwopozisyon k ap fèt yo ap travay pou mete Pèp la sou kote, fè l rantre al chita yon fason pou yo fini seleksyon 9 dawout ak 25 oktòb yo. Sou baz yon diskou enstitisyon (ki enstitisyon atò ?) yo tout se kesyon eleksyon yo cho pou pale alòske li parèt aklè kriz la plis pase yon kriz elektoral. Pwoblèm eleksyon ki pete jounen jodi a se ekspresyon konjonktirèl yon kriz estriktirèl k ap brase bil sosyete a apati pwojè neyoliberal la.

Sa nou wè yo tout ap mande kit se pati politik, kit se senatè kit se depite, se gouvènman pwovizwa. Gouvènman provizwa pou vin kontinye sou menm wout pouvwa Tèt kale nan respekte tout akò ki siyen ak entènasyonal la, oubyen nan kontinye depandans ak okipasyon peyi a.

Nan sans sa, yon pwopozisyon pou soti nan kriz la tout bon dwe konsidere reyalite depandans ak okipasyon peyi a. Se poutèt sa nou di : noumenm òganizasyon, asosiyasyon, gwoup ak aktè nan sektè pwogresis la,

  1. Nou dakò pou tabli nan tèt peyi a yon gouvènman tranzisyon, men fòk se yon Tranzisyon Demokratik Popilè Antikapitalis, Antienperyalis, ki vle di yon tranzisyon « ripti » pou atake pwoblèm konjonktirèl yo epi koumanse mete baz pou manyen pwoblèm estriktirèl yo.

2.  Gouvènman Tranzisyon Demokratik Popilè a ap gen yon manda 2 lane pou l :

  • Pèmèt peyi a rejwenn otonomi ak endepandans ekonomik li.
  • Pèmèt peyi a rejwenn dwa granmoun ak souverènte politik li;
  • Ranfòse ak konsolide òganizasyon popilè yo pou pèmèt enplikasyon ak otonomi politik tout bon Pèp ayisyen an;
  • Rezoud pwoblèm grangou, lavichè, chomaj ak mizè mas yo;

3.  Gouvènman Tranzisyon Demokratik Popilè a ap gen 20 travay pou l fè:

  • Retabli konstitisyon 1987 la, pou evite kontinye jere peyi a nan yon konfizyon kote nou gen yon konstitisyon amande ki nan lang franse epi yon konstitisyon kreyòl ki pa gen okenn amandman ki fèt ladan epi lanse yon pwosesis refòm konstitisyon an nan tèt kole ak asanble depatmantal yo.
  • Libere tout prizonye politik ki jwenn arestasyon yo nan kad mobilizasyon kont pouvwa Tèt Kale a ;
  • Tabli yon kalandriye pou voye MINISTA ale nan 6 mwa pou pi plis epi fè demach bò kote Nasyonzini pou ekzije li dedomaje viktim kolera yo ;
  • Kanpe sou tout akò liberalizasyon Leta ayisyen siyen ak pisans entènasyonal yo oubyen ak enstitisyon finansye entènasyonal yo ;
  • Nasyonalize tout antrepriz piblik ki privatize yo tankou Teleko, Simantri Dayiti, Minotri, Kamep;
  • Nasyonalize tout antrepriz prive ki nan sektè enpòtan pou peyi a tankou nan domèn kominikasyon, enèji ak tout resous natirèl yo (ezkanp Digicel k ap fè gwo benefis);
  • Oganize yon deba nasyonal sou oryantasyon ekonomik ak politik peyi a dwe pran;
  • Pran desizyon pou ogmante salè travayè yo anjeneral, anpatikilye ouvriye-ouvriyèz faktori yo, pwofesè yo, tout ti anplwaye pèsonèl nan leta kou nan prive;
  • Pran mezi prese prese pou bese lavichè a epi desann pri gaz la pou malere ak malerèz ka rale yon souf anba move lavi woz depi 5 lane;
  • Pran mezi pou ogmante pwodiksyon nasyonal la, nan bay peyizan yo akonpayman teknik ak finansye yo bezwen pou yo pwodui manje nan bon kondisyon epi nan ranfòse INARA pou li kapab jwe wòl li, kòm enstitisyon k ap travay sou dosye tè;
  • Rapid rapid fè yon refòm taks reyèl k ap laji baz pou ranmase pi plis taks nan men moun ki rich yo, pèmèt rive kolekte 60% taks moun rich yo pa peye chak lane nan peyi a, retounen ak taksasyon sou machandiz enpote tankou diri, pwa, farin, elatriye (nan lane 1995 tarif sou diri ak pwa soti 50% pou tonbe nan 3%), retounen ak kota sou kantite pwodwi enpòte ki kapab rantre nan peyi a, ogmante taks sou lajan moun rich yo genyen;
  • Limite tout depans leta ap fè nan achte gwo machin, gwo frè ekzajere ak tèt chaje pou per diem;
  • Rapatriye tout ministè estratejik tankou komès, finans, agrikilti yon fason pou pote yo akonpli misyon tout bon vre nan enterè popilasyon an : kontwòle pri pwodui yo, garanti bonjan kalite pwodwi ak sèvis pou tout moun; bay sibvansyon pou peyizan kiltivatè yo, pwoteje pwodiksyon lokal la;
  • Retire ministè sa yo anba kontwòl swadizan « ekspè » malatchong Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Mondyal, USAID, anbasad entenasyonal yo elatriye;
  • Evalye resous min nou yo ak fòme kad ayisyen konsyan ak konsekan pou planifye jesyon ak operasyon nan bonjan patenarya ak popilasyon.
  • Anile tout dekrè ak arete pouvwa Mateli a te pran dèyè do konstitisyon an (tankou dekrè pou remobilize lame kraze zo a);
  • Anile tout kontra sou eksplwatasyon min yo, annatandan gen yon veritab deba nasyonal ki fèt sou kesyon sa a ;
  • Fè odit sou jesyon 5 lane pouvwa Tèt Kale a epi mete kòd lajistis nan kou tout piyajè dwèt long ki gen men yo tranpe nan lajan taks pèp la (tankou pwojè vyadik kafou ayopò a, pwojè estad ak sant esptif yo, plas Hugo Chavez anfas ayopò, konstriksyon batiman pou ministè yo ak administrasyon piblik la) ;
  • Netwaye lapolis la, pou wete ladan li tout move zangi ki enplike nan zak maspinay sou popilasyon an, kidnapping, vòl, vyòl elatriye.
  • Tanmen yon refòm an pwofondè nan administrasyon piblik la ak nan misyon diplomatik yo (décalambériser les missions diplomatiques)

4.  Nan domèn relasyon entènasyonal, Gouvènman Tranzisyon Demokratik Popilè a ap genyen pou l:

  • Pèmèt Ayiti rekipere zile Lanavaz;
  • Angaje batay pou Etazini rèmèt Ayiti plis pase 10 milya dola rezèv lò li te volè nan Bank Nasyonal nan dat 17 desanm 1914;
  • Fè Lafrans remèt Ayiti plis pase 21 milya dola lajan restitisyon an;
  • Ranfòse (oubyen tabli) bonjan lyen zanmitay (nan respè youn pou lòt ak menkontre) ak peyi Amerik Latin, Karayib, Lafrik k ap batay pou otonomi ak endepandans ekonomik ak politik yo.

Pa gen kado nan batay kont sektè reyaksyonè, retwograd yo (Fowòm ekonomik sektè prive a, klas dominant yo, pati politik tradisyonèl yo ak swadizan kominote entènasyonal la). Pou n kontinye fè gany, fòk nou pa bandonnen lari a, fòk nou ranfòse òganizasyon nou yo tout kote, fò n pa pran nan pawòl politisyen rat dokale oubyen apranti k ap eseye woule nou nan farin. 

Fevriye 2016

ÒGANIZASYON KI SIYEN:  MODEP – SÈK GRAMSCI – GREPS – MOLEGHAF – UNNOH – LAKOU – SAJ/VEYE YO

+++

Documento recibido de las organizaciones firmantes.

Responder

Introduce tus datos o haz clic en un icono para iniciar sesión:

Logo de WordPress.com

Estás comentando usando tu cuenta de WordPress.com. Cerrar sesión / Cambiar )

Imagen de Twitter

Estás comentando usando tu cuenta de Twitter. Cerrar sesión / Cambiar )

Foto de Facebook

Estás comentando usando tu cuenta de Facebook. Cerrar sesión / Cambiar )

Google+ photo

Estás comentando usando tu cuenta de Google+. Cerrar sesión / Cambiar )

Conectando a %s