Lucha por un salario mínimo que permite sobrevivir

160415 Rueda Prensa PLASIT-BOPuerto Príncipe, 14.4.16 – En el marco de la lucha por un salario mínimo que permitiría a los trabajadores sobrevivir en medio de la pobreza y desempleo generalizado, camaradas de la Plataforma Sindical Planta Textil-Batalla Obrera (PLASIT-BO),  dieron una rueda de prensa en la sede de la POHDH (Plataforma de organizaciones haitianas de DD.HH.)

                                                      Konferans pou laprès jou ki 14 avril 2016

N ap salye tout zanmi laprès pale ekri ak televize ki vin kouvri konferans  PLASIT ki se Platfòm Sendikal Izin Tekstil yo pou lanse mobilizasyon pou ajisteman sale minimòm  pou ane 2015-2016. Nou menm nan PLASIT, nou konstate se 8 mwa apre ane fiskal la kòmanse  Konsèy Siperyè Salè resi fè rekomandasyon li yo bay gouvenman an, menm jan  ak 2 ane anvan yo. Kidonk, se yon move abitid Konsèy la genyen nan pa respekte sa ki  prevwa  nan atik 4.1  lwa 2009 sou salè minimòm lan.

Anndan Konsèy  Siperyè Salè sa a,  se plis  dilatwa ak konplo k ap fèt. Patwon yo ansanm ak swadizan 2 sendikalis ki nan konsey la ap fè tan pase pou patwon yo kontinye vòlè plizyè mwa salè ouvriye yo. Konsa, patwon yo gen plis latitid  pou kontinye  peye ouvriye yon salè mizè. Reta 8 mwa sa a fèt nan avantaj patwon yo li ye pandan tout pwodyi premye nesesite ap monte bwa epi Ministè afè sosyal pa fòse yo respekte atik 137 ki di depi to enflasyon monte a plis ke 10%, sale ouvriye yo dwe ajiste. Jodia, to enflasyon rive a plis ke 14.5 %. Kidonk, konplo kont enterè Ouvriye ak ouvriyez yo ap mare pi rèd.

Nou aprann Konsèy la apre 8 mwa dilatwa pwopoze pou salè minimòm referans la ta vin 300 goud epi salè minimòm pwodiksyon ta vin 400 goud pa jou pou sekte tekstil la. Li klè 300/400 goud pap ka rezoud ansanm problem nou genyen yo sitou jan kou lavi a ap ogmante epi pouvwa dacha nou ap diminye.pandan goud la pa sispann pedi valè li devan dola a. Pou nou menm pi piti pou salè minimòm lan ta ye se ant 500 e 1000 goud. Men kit se patwon yo kit se sousou yo nan leta a k ap resevwa lòd nan men bayè fon etranje yo di sa ap anpeche Ayiti konpetitif parapò a lot peyi. N ap denonse kalite agiman konplo sa yo k ap fet sou do ouvriye k ap rann san yo nan faktori.

N ap souliye, gen dot rekòmandasyon Konsey la fe nan 3e rapo li a ki enpotan pou gouvènman an ta mete an aplikasyon. Se rekòmadasyon pou leta ayisyen ratifye konvansyon OIT 189 pou travayè kay moun tankou bòn  oswa sèvant ak gason lakou jwi de tout dwa yo antanke travaye. Gen dòt rekomandasyon tankou pou yo ta modifye atik 2.2 nan lwa 2009 la pou ta gen yon sel salè minimòm nan sekte tekstil la. Konsa sa ta pèmèt sendika yo negosye pi bon salè pou travay alapyes ki fet sou tarif yo. Gen rekomandasyon pou ta gen bon jan enspeksyon travay nan izin yo pou konbat abi ak esplwatasyon anraje k ap fet kont ouvriye yo. Gen lot rekomandasyon ki ka pèmet amelyore sistem sekirite ak pwoteksyon sosyal nan peyi a pou tout travayè tankou mezi dakonpayman nan transpo, lojman, manje pou amelyore kondisyon lavi travayè yo. Epi gen rekomandasyon pou mete yon mekanism ki pèmèt tout travayè fòmèl kou enfòmèl enskri nan ONA ak OFATMA.

Se nan kad sa a, nap pwofite denonse  magouy  sektè patwonal la  ap fè   pou se pa  OFATMA  ki regle kesyon asirans  maladi ak matènite. Sa fè plis pase 40 tan OFATMA te gen chay sa a, li patko lanse li. Men konpayi asirans prive yo pa t janm enterese ofri sevis asirans sante pou travayè pòv yo. Jodia OFATMA rantre nan ofri asirans sante matenite anplis asirans kont aksidan nan travay, sekte prive a ap bloke sa. Yo pa sispann bay OFATMA kout lang pou ouvriye pa jwen bon kalite swen lè yo malad oswa ansent.la Yo tout te gen tan wè li pap nan avantaj  ouvriye/ travayè yo.   Kesyon n ap poze ki byen  frize te fè pou koukou konsa pou li ta fè pitit li pou relel frizelya? Tout sa montre nou enkapasite leta pou jwe wòl li  komsadwa ki fè sektè patwonal ap fe tout jwet anba tab sa yo.

Nou menm nan Platfòm Sendikal Izin Tekstil yo, modòd nou se pou tout ouvriye/yèz nan sektè tekstil la  mobilize  tout kote sou kesyon salè, sekirite ak pwoteksyon sosyal. kit nan Pòtoprens,  Wanament ak nan Karakòl pou di gouvènman  Privert  /Jean-Charles  la fikse  salè minimòm lan  prese  prese ki aseptab pou ouvriye/yèz yo, rale yon souf  anba  lavichè a nan peyi a epi pran mezi pou aplike rekòmandasyon Konsey siperye Sale fe nan rapò  pou ane sa a.

N ap ekzije revokasyon tout direktè jeneral rejyonal ak enspektè tèt anba kip a konn wòl yo prese prese pou dosye ouvriye yo ka sispann domi nan tiwa Biwo Mast.

N ap mande pou OFATMA leve pyel sou kesyon kat asirans maladi  ak matènite a  pou ouvriye, travayè yo  ka jwenn swen pou lè yo menm ak pitit  yo malad. Fok leta fe gwo chanjman nan lwa sou sistèm sekirite sosyal peyi  a. Ouvriye ak ouvriyèz nan  faktori yo ak tout lot kategori travayè nan peyi a dwe leve kanpe pou mande ajisteman salè ak tout lòt avantaj sosyal ke gouvènman an dwe mete prese prese pou nou kapab pran souf. Sonje Premye me se demen, PLASIT ap oganize 2 gwo mach nan Potoprens ak nan Wanament pou komemore Premye me devan SONAPI ak CODEVI. Tout ouvriye, peyizan, travaye, chome, pwogresis dwe la depi 8tè fè beng.

VIV LIT KLAS OUVRIYE A TOUT PA TOU SOU LATÈ.

Pou Platfòm Sendika Izin Tekstil,

Telemarque Pierre                         Toussaint  Lucny                                     Pegui  F. JONEL

      SOTA-BO                                            SOKOWA                                                 SOVASHG  

Texto recibido de sus autores.

Responder

Introduce tus datos o haz clic en un icono para iniciar sesión:

Logo de WordPress.com

Estás comentando usando tu cuenta de WordPress.com. Cerrar sesión / Cambiar )

Imagen de Twitter

Estás comentando usando tu cuenta de Twitter. Cerrar sesión / Cambiar )

Foto de Facebook

Estás comentando usando tu cuenta de Facebook. Cerrar sesión / Cambiar )

Google+ photo

Estás comentando usando tu cuenta de Google+. Cerrar sesión / Cambiar )

Conectando a %s