NO a la venta de la Isla de La Gonâve

Puerto Príncipe, HPN, 19/2/16 – Diversas voces se levantan en contra del decreto del 7 de enero de 2016, del ex presidente Michel Martelly, que prevé ceder el conjunto de derechos de propiedad del Estado haitiano sobre una parte de la isla de la Gonâve, al establecer un Centro Financiero Internacional en un área de cerca de 100 kilómetros cuadrados (100 km2) para la construcción de una ciudad nueva para las necesidades de las actividades del projecto.  A continuación una nota de denuncia del Colectivo Justicia Minera (Kolektif Jistis Min (KJM)), en creol.

Nòt denonsyasyon Dekrè 7 janvye 2016 la ki likide zile Lagonav

Kolektif jistis Min (KJM) ap denonse ak tout fòs li likidasyon zile Lagonav pou fè Sant finansyè entènasyonal. Apre ansyen Prezidan rejim Tèt Kale a, Michel Martelly ak ansyen Premye Minis li, Laurent Lamothe  te mete deyò nan dat 10 Me 2013 la yon Arete kote yo te pouse do plis pase 15 mil moun k ap viv sou zile Ilavach, jounen jodi a se sou  Lagonav anvan l ale li likide, kote nan yon Dekrè ki sòti 7 janvye 2016 la, yo likide 100 kilomèt kare nan zile sa a pou fè Sant Finansye Entènasyonal, san konte kantite Konpayi Petrogaz Haiti genyen pou l fè rechech sou petwòl.

Nou pa gen dout, dekrè sa rantre nan yon plan global pou louvri vant peyi a bay kapitalis etranje yo pandan boujwazi pa bò isit ap sevi yo koutye. Lè n konsidere gouvènman Martelly a ak Biwo Min ak Enèji (BME) deja likide 52 pèmi bay yon seri konpayi minye ki evalye ak 3138 kilomèt kare nan Nò, Nòdès ak Nòdwès, san kote lòt pèmi yo bay yon seri lòt konpayi ki nan min enèjetik,  non metalik nan yon peyi ki mezire 27.750 kilomèt kare epi ki gen plis pase 10 milyon moun kap viv sou li. Sa moutre aklè enterè Gouvènman Tèt Kale a depi lè l moute se likide tout resous peyi a genyen tankou : min yo, zile yo, epi pwofite kreye sitiyasyon latroublay politik pou likide yon seri bagay san pèsonn pa konnen. Lè n konsidere Biwo Min ak Enèji (BME) ki pa sispann likide kontra bay yon seri konpayi etranje andeyò lalwa malgre rezolisyon Sena ak  epi ki pwofite pandan pat gen Palman pou bay Petrogaz-Haiti yon seri kontra  nan Gantye ak Lagonav ak lòt kote ankò epi bay 2 konpayi Bèlj yon pèmi eksplwatasyon yon min siman nan seksyon kominal  Lapyè nan Gonayiv.

Dekrè sa se yon prèv anplis pou moutre kijan Prezidan Martelly pat respekte mo li, lè n konnen gen yon akò politik li te siyen  pou l te pibliye sèlman Dekrè Elektoral la. Sa moutre kouman gouvènmanMartelly-Lamothe-Paul la drive anba pye 8.1 ak 36.5  konstitisyon 1987 la. Sepandan atik 4, 6, ak 56 dekrè sa a bay kat blanch ak etranje sant finansye yo sou domèn fonsye espas la san okenn dedomajman pou moun k ap viv nan kominote a. Atik 54 la pwoteje tout etranje k ap travay nan sant lan pou pa peye frè dwanye ak okenn taks kote se sèlman anplwaye ayisyen k ap gen pou peye taks. Nan atik 96 ak 98 la se tèt chaje, kat Blanch nèt pou sosyete finansyè entènasyonal yo  ki pap peye okenn taks sou diferan tranzaksyon y ap gen pou  fè tankou sou valè anplis yo rantre , lajan yo prete lòt enstitisyon elatriye. Kidonk se sèlman pèsonèl ayisyen ki pral gen pou peye taks anndan pwojè sa san n pa bliye pap gen okenn dedomjman pou moun y ap ekspwoprye nan kad pwojè sila malgre lalwa peyi Dayiti egzije sa a. Yon lòt kote dekrè a livre tout resous ki anlè ak anba tè espas sa ak nouvo pwopryetè sa yo, yon demach  ki kontrè ak atik 36.5 konstitisyon 1987 la. Kidonk pwopryetè sa yo ap deside fè sa yo pi pito ak resous yo si nou konsidere sa ki di nan atik 57 dekrè a. Malerezman ou gentan tande yon pil move koutye ki gentan ap pwononse yo sou bon kote pwojè  kolonyal sa a.

Pa gen anyen ki di konbyen lòt Dekrè ki soti toujou. Nan sans sa, n ap sonnen lanbi mobilizasyon nan tout kat kwen peyi a kont Dekrè lanmò sa. Sak te pase Ilavach la pap pase Lagonav. Moun Lagonav menmjan tankou sa te pase nan Ilavach, leve kanpe kont dekrè lanmò sa. Nap sonnen lanbi leve kanpe a nan kat kwen peyi a, nan tout zile peyi a, nan tout òganizasyon konsekan, òganizasyon popilè ki granmoun tèt yo, ann fèmen baryè a, ann bare lakou nou kont tout move atoufè lokal, tout atoufè etranje, tout atoufè ki nan Leta ayisyen ak nan sektè prive a.

ZILE YO PA POU VANM NI ANGWO NI ANDETAY !!!

ILAVACH, LAGONAV, LATÒTI PA POU VANN !!!!

PEYI A PA POU VANN !!!

WI POU LAVI, NON AK PIYAJ PEYI A !!!!!

 

[1] KJM se yon inisyativ PAPDA, MODEP, Tèt Kole Tipeyizan Ayisye, DOP, POHDH pran pou mache kontre tout oganizasyon, enstisyon ak  patriyòt ki kwè richès peyi dAyiti dwe anba kontwòl epi sèvi enterè pèp ayisyen an pou batay kont piyaj resous natirèl nan peyi dAyiti.

FJP/HPN

http://www.hpnhaiti.com/site/index.php/politique/17976-haiti–non-a-la-vente-de-lile-de-la-gonave-note-en-creole

Traducción del francés (inroducción) Diálogo 2000-JS Argentina, por http://haitinominustah.info

 

Responder

Introduce tus datos o haz clic en un icono para iniciar sesión:

Logo de WordPress.com

Estás comentando usando tu cuenta de WordPress.com. Cerrar sesión / Cambiar )

Imagen de Twitter

Estás comentando usando tu cuenta de Twitter. Cerrar sesión / Cambiar )

Foto de Facebook

Estás comentando usando tu cuenta de Facebook. Cerrar sesión / Cambiar )

Google+ photo

Estás comentando usando tu cuenta de Google+. Cerrar sesión / Cambiar )

Conectando a %s