Yon eksplozyon sosyal tout moun t ap tann men ki poko kapab akouche yon pwosesis Revolisyonè

Logo RASINHaití, 10/9/18 – R.A.S.I.N. Kan Pèp La (Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal Tou Nèf) salye popilasyon peyi Ayiti a ki te leve kanpe jou 06 ak 07 jiye 2018 la pou bare plan lanmò pouvwa Tèt Kale yo vle aplike nan peyi a. RASIN Kan Pèp La pwofite solidarize ak tout moun ki pèdi fanmi yo nan mouvman rezistans 6 ak 7 jiye yo. Leve kanpe sa a se konsekans dirèk eleksyon fo mamit lane 2015 ak 2016 yo, mòd jesyon nan enterè peyi enperyalis yo ak kèk grenn fanmi boujwa anndan peyi a. Pati a pwofite salye kouraj ak detèminasyon yon bon pati popilasyon an ki te respekte modòd grèv 09 ak 10 jiyè a.

Depi Prezidan Jovenel Moyiz monte sou pouvwa a, gouvènman an ak Palman an pa sispann pran desizyon kont Pèp la tankou: vote lwa 3/8 ki bafwe dwa ouvriye ak ouvriyèz yo; gaspiyaj lajan nan depans initil; vote epi aplike yon bidjè kriminèl k ap fini ak ekonomi popilasyon an; ankouraje koripsyon nan pwoteje moun ki vòlè lajan Petwokaribe a; mete kanpe yon karavàn chanjman pwopagann ki ap afebli enstititsyon yo; fè silans nan moman Donald Trump t ap salanbe peyi a; ankouraje timoun nan debòch; kreye yon lame tèt bòchèt san konsilte Pèp la; montre atitid ak aksyon awogan nan kraze kay yon seri fanmi k ap viv nan Pèleren pou “netwaye” anviwònman kay chèl leta.

Desizyon pou monte pri gaz la montre aklè atitid tèt bese pouvwa Tèt Kale a devan lòd k ap soti lòtbò dlo, sitou nan Fon Monetè Entènasyonal (FMI) nan lide pou jwenn finansman pou kontinye ogmante dèt sou do Pèp ayisyen an. Prezidan an ak potanta nan Leta montre aklè enkapasite yo pou defann diyite ak souverènte peyi a. Pa gen okenn desizyon konkrè ki pran pou pwoteje ekonomi peyi a kont monte dola meriken an ak yon enflasyon k ap balanse ant 12 jiska 15%. Tèt kale yo deside bloke salè minimòm mizè nan 350 goud alòske tout rechèch yo montre yon ouvriye kap travay nan SONAPI bezwen 1 248 goud chak jou oubyen 29 971 goud chak mwa pou viv nan diyite. Pouvwa a mal jere dedolarizasyon ekonomi peyi a, sa ki lakòz pri pwodui enpòte yo monte bwa. Chomaj k ap taye banda nan mitan popilasyon an, espesyalman jenn yo ki pa jwenn travay aprè anpil sakrifis paran yo fin fè pou voye yo lekòl. Gouvènman an vle jwe nan sèvo opinyon piblik la pou fè konnen Leta sibvansyone gaz alòske Leta ak distribitè yo fè 40-50% benefis sou chak galon ki vann nan peyi a. Ogmantasyon pri pwodui petwolye yo se yon abse sou klou nan sitiyasyon sosyo ekonomik Pèp la. Diskou ak atitid Puvwa Tèt Kale #2 montre aklè mepri yo genyen pou revandikasyon popilasyon an.

Pou RASIN Kan Pèp La batay ak mobilizasyon 6 ak 7 jiyè yo gen anpil enpòtans pou lavni peyi a nan 15-20 lane k ap vini yo. Popilasyon an di aklè li  pap kite yon tiklik politisyen PHTK ranfòse tèt yo nan yon seri desizyon ekonomik, politik ak sosyal kap fè peyi a ap fè bak. Jovenel Moïse, Guy Lafontant ak palmantè yo fè pati pwoblèm lan. Yo pa ka solisyon an menm tan. Yo dwe rekonèt politik yo t ap mennen an echwe epi remèt pouvwa bay Pèp la. Jovenel Moïse pa kapab epi pa dwe kontinye gouvène! Pèp la pa dwe aksepte tranzisyon fabrike nan Depatman Deta ak konplisite 2-3 gwo palto ayisyen san patisipasyon Pèp ayisyen ak òganizasyon li yo.

RASIN Kan Pèp La ap di solisyon kriz ekonomik, politik ak sosyal peyi a mande yon seri desizyon majè pouvwa Tèt Kale yo pap janm kapab aplike. Fòk nou : rezoud pwoblèm depandans peyi a fas ak peyi enperiyalis yo; mete kanpe yon lòt Leta ki respekte kilti Pèp la epi ki gen yon vizyon nasyonal klè sou jesyon teritwa ak richès peyi a; rantre nan pwosesis konsiltasyon pou prepare yon nouvo Konstitisyon ki konsève gany 29 mas 1987 yo epi ki ale pi lwen nan ranfòse demokrasi a pou Pèp la patisipe toutbon vre nan desizyon yo; rezoud pwoblèm alfabetizasyon, kriz anviwonman ak kesyon chomaj la; rebati sistèm edikasyon ak lasante nan benefis tout sitwayen-sitwayèn; koumanse konstwi souverènte enèjetik peyi a sou baz itilizasyon enèji renouvlab ak chanjman total kapital nan vizyon devlopman peyi a. Sa vle di nou dwe bati yon sosyete kote n ap koupe fache ak sistèm anplas la pandan n ap koumanse konstwi yon Ayiti Sosyalis.

RASIN Kan Pèp La pwopoze kèk revandikasyon ki soti nan ansanm diskisyon avèk sektè popilè a ki pa janm jwenn satisfaksyon epi ki dwe fè pati priyorite ajennda politik la vit e prese:

  1. Mete salè minimòm lan 1000 goud chak jou;
  2. Egzije reparasyon, jistis ak dedomajman pou viktim kolera Nasyon Zini nan peyi a;

III.            Egzije pou Nasyon Zini konstwi enfrastrikti pou tout moun nan peyi a jwenn dlo pòtab ki se pi bon mwayen pou elimine kolera;

  1. Egzije pou Lafrans restitiye kòb Pèp ayisyen te peye pou swadizan dèt endepandans la;
  2. Mete modèl ekonomi peyizan agwo ekoloji nan mitan pwojè devlopman kòm priyorite nasyonal epi pwoteje peyizan pòv yo kont dap piyanp ki koumanse deja sou tè y ap travay yo;
  3. Idantifye, arete, jije epi kondane tout moun ki vòlè lajan Petwokaribe a ;  Fòk yo renmèt kòb ki vòlò yo nan kès Leta.

VII.            Mete kanpe yon pwojè ekonomik ki koupe fache ak plan lanmò neyoliberal la nan tout dimansyon li.

VIII.            Mete lojman sosyal kòm yon priyorite nasyonal

Pati a vle raple, kriz ki pete vandredi 6 jiyè a, se kontinwite kriz estriktirèl sistèm k ap egzèse yon vyolans san limit sou kouch pòv yo nan peyi a.

Evenman 6 ak 7 jiyè a montre fòs ak kapasite mobilizasyon Pèp ayisyen an. Tout enèji sa yo dwe rasanble pou mache nan chimen revolisyon peyi a bezwen depi lontan.

RASIN Kan Pèp La pa kwè nan solisyon makiye. Pati a mande pou mas popilè a anjeneral ak kan pwogresis la anpatikilye kontinye reflechi epi poze aksyon konkrè pou koumanse poze baz yon lòt pwojè sosyete ki koupe fache ak sistèm kapitalis la. Sa vle di yon sosyete sosyalis kote tout pitit tè a kapab viv nan yon peyi daprè kapasite li, jwi jefò ak travay yo. RASIN Kan Pèp La kwè nan kapasite Pèp ayisyen an pou ekri listwa li yon lòt fwa ankò, nan yon lòt pwosesis revolisyonè menmjan zansèt nou yo te fè sa nan lane 1804. Nouvèl Revolisyon sa a dwe kaba ak sistèm peze souse, vyolans ak eksklizyon pou koumanse bati Ayiti Sosyalis nan kontinwite ak vizyon revolisyon 1804 la.

Aba lavi chè! Aba koripsyon! Aba enpinite! Aba eksplwatasyon!

Viv tribinal popilè pou Pèp la kapab koumanse jwenn jistis ak reparasyon!

Pèp k ap lite pa janm pèdi lagè!

Viv liberasyon ak souverènte nasyonal !

Viv konstriksyon sosyalis la an Ayiti

 

Marc-Arthur Fils-Aimé,  Sekretè Jeneral

Camille Chalmers, Potpawòl

Responder

Introduce tus datos o haz clic en un icono para iniciar sesión:

Logo de WordPress.com

Estás comentando usando tu cuenta de WordPress.com. Cerrar sesión /  Cambiar )

Google+ photo

Estás comentando usando tu cuenta de Google+. Cerrar sesión /  Cambiar )

Imagen de Twitter

Estás comentando usando tu cuenta de Twitter. Cerrar sesión /  Cambiar )

Foto de Facebook

Estás comentando usando tu cuenta de Facebook. Cerrar sesión /  Cambiar )

w

Conectando a %s